Cover

HAITI. HAITI SETE YON BEL PEYI YO TE KONN RELE LI PARADI TOUT MOUN TE KONN VIN VISITE LI MENM KONNYA LA MENM SE PA MENM BAGAY. KONNYA LA MENM YON BON TI DLO SI YON MOUN BEZWEN YO PA KA BWE LI ALEZ MWEN PA KONNEN SI YON MAL NOU AP PEYE OU BYEN SE MALEDISYON AN KI RIVE SOU NOU GEN DE MENM LI KONN PI GRAV SE LE GEN DE MOUN YO GEN YON TI CHANM KAY YO FE'L FE YON LEKOL PI YO PA PRAN KA MALEREZ SE MANDE YON PAKET KOB POU YON SEL MWA SI TI MALEREZ LA PA GENYEN LI DEPI LI VOYE TI LAN W'AP VOYE LI TOUNEN LAKAY LI MWEN TA RENMEN MANDE BONDIEU KI KOTE SA PRALE MENM.LE DESSALINE, CHRISTOPHE, AK PETION TE LA PAT GEN TOUT BAGAY SA YO . MENM ANKO SE LE OU RETE LAKAY OU LAPLI AP TONBE DLO MENM AP ANPECHE OU DOMI OU PRET POU PEDI LA JWA OU PRET POU DI BONDIEU POU LI TIYE OU. EPI SE LE OU VIN AL VOTE POU YON MOUN PRESIDAN EPI LE LI VIN PRESIDAN LI PA MEN KA REGLE ANYEN POU PEYI. MENM SA MWEN AP MANDE KOTE BAGAY SA PRALE NAN TAN SA TIMOUN PA KA MANJE EPI GRANMOUN MENM PA KA JWENN TRAVAY, EPILE OU TA RESI JWENN YON TI TRAVAY KAY MOUN YO PA MENM KA PEYE OU MENM . MENM SA MWEN VLE MANDE ESKE SE CHANS NOU PA GENYEN OUBYEN SE TROP MAL NOU DEVAN BONDIEU. SE LE MENM MANMAN VIN FE YON PITIT LI PA MENM KA PALE AVEK LI, GEN DE LE MANMAN MENM MANDE MAL MENM POU PITIT SA, EPI CHAK DE SEMEN PREZIDAN MOUTE PREZIDAN DESANN YO PA JANMEN REGLE YON BAGAY SE SA MWEN PLIS PA RENMEN AVEK YO.SI MWEN MENM BONDIEU MWEN T'AP RETIRE PEYI SA EPI FE MOUN YO APRANN PRIYE, APRANN PANSE, APRAN OBEYI, APRANN CHANJE LIDE NOU D YON BAGAY NOU PRAL KI PA BON EPI POU NOU LI BYEN.LE MWEN TE NAN SIZYEM ANE MWEN TE KONN LI ISTWA AYITI YO TE KONN PALE DE CHRISTOPHE COLON YO DI KONSA LI FE TWA JOU SOU LANME POU DEKOUVRI AYITI EPI AYITI SE PA MENM PEYI LI'L MWEN LI FE SA POU NOU EVAK SAJES, KE SANSIB, EPI AK LANMOU LI GEN POU MOUN K'AP VIV LADAN AK POU PEYI A TOU. KONNYA MWEN VLE PALE DE LA SALINE, DELMAS, AK LAVIL LA YO RELE (CROIX DES BOSALLE) OU KOTE SA NOU GEN MACHE SE POU TE GEN POU MOUN KONSEKAN POU SIVEYE LI NETWAYE LI , EPI GEN KI RELE LI PI GRO MACHE AN AYITI EBYEN KOMAN LI FE PA KA VIN BEL,SANTE, AK KE KONTAN. NOU PA TRO ANPIL LA POU PA KA VIV ANPEN,PASKE GEN PEYI KI PLIS PLIS PLIS MOUN PASE NOU YO VIV E YO VIV PI BYEN S'AK FE SA. BANM EXPLIKE NOU EBYEN SE PASKE NOU MANKE GEN LANMOU LAJWA AK SAJES NAN KE NOU.AYITI CHERI MWEN MENM SE KONSA MWEN RELE LI, SI YON TA RENMEN POU AYITI CHANJE SE POU METE TET YO ANSANM EPI FE YON SEL POU NOU KA SIJE PEYI A, PA GEN OKINN LOT NASYON KI KA RANJE LI POU NOU.. EPI MWEN PANSE NOU KOMANSE KOPRANN DE KISA. MWEN PRAL EXPLIKE DE KISA SE DE (TRANBLEMENT DE TERRE) A KI SOT PASE A, MWEN KONNEN LI FE ANPIL MOUN KOMANSE PRANN KONPRAN YO,S'AK FE MWEN DI SA EBYEN SE PASKE GEN ANPIL MOUN KI MOURI, EPI NA MOUN SA NOU CHAK MOUN K'AP NAN PEYI SA GEN YON MOUN OSWA DE OUBYEN TWA MOUN KI MOURI EBYEN SA POU NOU FE SE METE TET NOU ANSANM POU NOU FE PEYI A MACHE, PASKE PA GEN OKINN LOT MOUN KI SOT NAN LOT PEYI K'AP VINN FE SA POU NOU.PASKE MWEN PA TA RENMEN POU PEYI MELANJE, POU MOUN PA DI SE JAKMEL PI BEL PASE POTO-PWENS OUBYEN KAP-AYISYEN KI PI BEL MWEN PA RENMEN SA DITOU EBYEN MWEN AP DI TOUT MOUN ANJENERAL SE METE TET NOU ANSANM PA NAN DI MWEN GEN BEL MACHIN MWEN P'AP KA PALE AK MOUN KI PA GEN MACHIN NOU SA PA BON, SE LE SA POU MOUN NAN TA LOT MOUN KI PA GENYEN AN, POU LI APRANN LI SA POU LI SI MOUN NAN VLE YON TOU. PA VIV AK EGOYIS, PA VIV JAN OU KONNEN KI PA BON FE YON TI ESEYE KOPRANN. MWEN TA RENMEN POU PEYI A CHANJE ANPIL, MENM NOU MENM SI NOU TA BEZWEN VRE YON SEL MOUN P'AP KA SE NOU TOUT KI POU METE TET NOU ANSANM POU NOU FE LI MACHE, POU PEYI A BEL, POU PEYI A GEN YON BON PREZIDAN SE POU NOU METE TET NOU ANSANM AK RESPE, AMOU.


AYITI CHERI
LAKAY SE LAKAY


<3 <3 AYITI..

Impressum

Tag der Veröffentlichung: 29.08.2010

Alle Rechte vorbehalten

Nächste Seite
Seite 1 /